19 episodes

Yon emisyon ki la pou ankouraje moun #Pafèsilans sou vyòl, tizonnay ak abi seksyèl ansanm ak langaj epi konpòtman ki pa gen plas yo nan #AyitiNouVleA.

Koze Kilti Vyòl Koze Kilti Vyòl

    • Society & Culture
    • 5.0 • 1 Rating

Yon emisyon ki la pou ankouraje moun #Pafèsilans sou vyòl, tizonnay ak abi seksyèl ansanm ak langaj epi konpòtman ki pa gen plas yo nan #AyitiNouVleA.

    Koze Kilti Vyòl - Epizod 18 - Let's talk about sex

    Koze Kilti Vyòl - Epizod 18 - Let's talk about sex

    Fè bagay...fè bagay...fè bagay..! Sa sonnen mal nan tèt ou oubyen li sonnen nòmal? Nou sonje Elder te di nou sa? Toujou pale de fè bagay: avan nou fè bagay, pandan n ap fè bagay, aprè nou fin fè bagay. Se konsa n ap konn sa n vle, sa n renmen,  sa patnè nou vle ak renmen tout bon vre. Se konsa tou n ap ka tabli yon bon kilti konsantman.

    Poutan, nan peyi nou,  malgre entènèt la ba nou de twa ti zen dezantan, fè bagay toujou rete yon tabou. Nou toujou panse se yon bagay sal. Petèt se paske n pa pale de li ase, petèt paske l toujou tabou ki fè l fè zen konsa. Epitou,  nap remake mòd de zen sa yo toujou gen pou objektif degrade fanm paske yon iresponsab,  yon kriminèl, yon lach ( an n pa pè ba yo non yo merite) deside mete deyò yon zak ki te fèt an prive.

    Mezanmi moun lib fè bagay jan yo vle: a de, a twa, pran pozisyon yo vle, elatrye. Depi gen konsantman pa gen pwoblèm ! Pou pratik seksyèl sòti nan stad zen pou l rive nan nivo kote tout moun wè l nòmal. Pou lawonte a chanje bò, pou lach ak kriminèl pa sèvi ak videyo, foto entim pou entimide fanm;pou sosyete a sispann jije moun fanm an patikilye sou pratik seksyèl yo, finalman pou n tabli yon konsantman ki RALEE tout bon vre : Ann toujou pale de fè bagay.  Avan nou fè bagay, pandan nap fè bagay,  apre nou fi fè bagay. Let's talk about !

    ***

    Nan epizòd Koze Kilti Vyòl sa n ap resevwa James Tony Luc. Plis enfòmasyon nan kozeiltivyol.com/s02e08

    ***

    Li pase tou nan 8 radyo lokal. Lis radyo a disponib nan kozekiltivyol.com/radyo.

    • 40 min
    Koze Kilti Vyòl - Epizod 17 - Ou gen dwa di wi

    Koze Kilti Vyòl - Epizod 17 - Ou gen dwa di wi

    Marie s on bèl tifi ki konn sa l vle. Pa sèlman pou lavi l men sou kaban n tou. Lè m di nou sa, li konn kò l, li konn sa k ap fè l plezi. Mezanmi, se pi bon bagay ki te ka rive yon moun men Marie pat konn sa. Dotanplis, ti kè l ba t pou David. David leve yon fason ki fè l konprann yon fi ki mande fè bagay oubyen ki di wi vit s on ti cholin. Marie vin blije paka epanouyi l vre. L ap mal viv. Pinga n bay tèt nou manti, depi pwoblèm fè bagay nou pa regle, li ka vin gwo pwoblèm. Epi tou fè bagay, mete sa nan tèt nou, se bèl bagay. Dènye kou ki pral touye koukou, Marie aprann David ak twonpe l ak yon fanm ki konn kò l menm jan avè l men ki pat pè di wi.

    Sitiyasyon sa, nou te wè l ak Dorothy ak Yves-Marie Exumé, rele teyori oubyen konplèks de la vierge et de la putin. Teyori sa vle fè kwè, anpil fwa,  gason ap chache yon fi ki sent pou madanm yo pandan y ap pran plezi yo ak yon lòt ki pa pè asime seksyalite yo. Bon… n ap dakò tou se pa paske w asime seksyalite ki fè patnè w pa p twonpe w oubyen ap toujou rete avè w. Bagay yo pi konplike pase sa.

    Men an n fon ti lojik: Si pa asime seksyalite w ka fè l twonpe w menm jan asime seksyalite w pap anpeche l twonpe w, eben chwazi tèt ou! Chwazi pou moman w ap pase a otantik. Finalman se paske w ap pran plezi ki fè w ap ka bay patnè w la plezi. Pou sa, fòk ou aprann di wi paske w gen dwa sa.

    Se sou sa nou pral chita jodya nan disetyèm epizòd KozeKiltiVyol. Marina Mathieu ap rejwenn nou pita pou n apwofondi konvèsasyon.

    ***

    Li pase tou nan 8 radyo lokal. Lis radyo a disponib nan kozekiltivyol.com/radyo.

    • 44 min
    Koze Kilti Vyòl - Epizod 16 - Ou gen dwa di non

    Koze Kilti Vyòl - Epizod 16 - Ou gen dwa di non

    Eske w te konen w gen dwa di non? Bon.. anpil nan nou ka mande tèt nou ki mòd kesyon sa. Men eske w konnen anpil moun paka di non? Yo pè fwase oubyen desevwa moun. Di non s on bagay ki tèlman enpòtan. Se paske w konn di non ki fè wi w ap gen valè. La n ap pale yon fason jeneral. Men nan sa ki kòsène nou, nan lit n ap mennen kont kilti vyòl, nou te wè tout wi pa gen valè, tout wi pa valab. Nou te mete aksan sou moun k ap mande konsantman an. Jodya,  n ap pale avè w, wi ou menm menm k ap bay konsantman w.

    Si lè yon moun mande w yon sèvis, li konn difisil pou w di l non, alewè pou yon moun ou abitye gen relasyon avè l. Mikwotwotwa ekip KozeKiltiVyol la te reyalize avan Senvalanten la montre aklè jan l difisil pou nou di non lè nou asanm ak yon moun,  lè nou fin kase randevou. Anpil moun te reponn: bon...nou deja la…. Nou te gentan planifye pou sa. Nou te jwenn menm repons sa yo ni bò kote fi ni bò kote gason.

    Anpil bagay ka esplike sak fè n pè di non. Nou pè pèdi moun lan, nou pa vle al nan diskisyon, nou bezwen moun renmen nou. Men tou, anpil fwa nou regret aprè. Alòs, li enpòtan pou n mande tèt si wi fòse nou te bay la, lanmoun moun n ap chache a, diskisyon nou vle evite a vo plis pase lanmou n gen pou tèt nou.

    Nou konnen aprann di non pa fasil. Men lè w aprann di lòt moun non, w ap aprann fè sa ki fè w plezi. W aprann renmen tèt ou. Epi tou, kijan w ap ka renmen yon lòt moun si w paka renmen pwòp tèt ou? Eske yon moun ki renmen w vre pap koute epi konprann lè w di l non?

    Eben mezanmi nan sèzyèm epizòd KozeKiltiVyol,  nou vin di w ou gen dwa di non.

    Pita, pou apwofondi konvèsasyon an, n ap akeyi Charlot Edler. Avèk li nou pral pale de enpòtans pou nou di non paske se sèl mwayen pou konsantman nap bay la RALEE tout bon jan n renmen di l nan KozeKiltiVyol.

    • 37 min
    Koze Kilti Vyòl - Epizod 15 - Wi pa toujou wi

    Koze Kilti Vyòl - Epizod 15 - Wi pa toujou wi

    Anpil fwa nou konn wè de moun ansanm, yo nan yon relasyon, nou sipoze a yon moman nan relasyon an se yon « WI » ki te ini yo, yon wi ki fè yo ansanm. Men eske se nan tout ka sa yo « WI » an te vrèman yon « WI », eske yon « WI » pa ka vle di « NON » tou ?

     

    Souvan de moun ka  ansanm, Men « WI » ki lye yo an, konn gen anpil bagay ki ka enfliyansye l , konn gen yon dinamik pouvwa ki lye a konsantman sa a. Yon granmoun ki renmen ak yon timoun, yon moun ki gen yon andikap fizik oswa entelektyèl, lajan, oryantasyon seksyèl, elatrye

     

    Nan kelkeswa relasyon yon moun ta ye, yon bagay pou n toujou sonje an plis de konsantman, se kapasite fizik ak moral lan. Se pa paske yon moun di « WI » sa vle di « Wi » li an se yon « WI » tout bon.

     

    Kilti dominasyon ki ekziste an, totalman diferan de kilti konsantman an. Li ale odela de relasyon ki ekziste nan mitan 2 moun. Li vin yon kesyon politik: enperyalism, kapitalism, klasism, patriyaka, etewonòmativite …

     

    Twò souvan nou eseye jistifye modèl relasyon sa yo, nou akspete yo, e rann yo nòmal, sou baz moun ki anba dominasyon an se yon sitiyasyon l ap defann, moun k ap domine l lan w byen pou li. Gen yon jan sosyete an enpoze sa nan pawòl li ak aksyon l li, li  fè kilti dominasyon sa fè moun “aksepte” san yo pa dakò vre.

     

    Men sa n dwe konprann, « WI » ka pa toujou « WI », e nan kezyyèm epizòd nou pral pale de nosyon enkapasite a, kote se yon abi lè yon moun pwofite de pozisyon l ak sitiasyon l  pou l fè yon lòt yon seri de bagay.

     

    Pita pou apwofondi sijè n ap resevwa Yves-Marie Exumé ki gen yon bakaloreya nan sikoloji. Avèk li nou pral abòde sijè konsantman kay timoun, malad mantal, defwa tou menm manm yon sèl fanmi. N ap ka wè avè l pi byen ki lè Wi pa toujou wiAnpil fwa nou konn wè de moun ansanm, yo nan yon relasyon, nou sipoze a yon moman nan relasyon an se yon « WI » ki te ini yo, yon wi ki fè yo ansanm. Men eske se nan tout ka sa yo « WI » an te vrèman yon « WI », eske yon « WI » pa ka vle di « NON » tou ?

     

    Souvan de moun ka  ansanm, Men « WI » ki lye yo an, konn gen anpil bagay ki ka enfliyansye l , konn gen yon dinamik pouvwa ki lye a konsantman sa a. Yon granmoun ki renmen ak yon timoun, yon moun ki gen yon andikap fizik oswa entelektyèl, lajan, oryantasyon seksyèl, elatrye

     

    Nan kelkeswa relasyon yon moun ta ye, yon bagay pou n toujou sonje an plis de konsantman, se kapasite fizik ak moral lan. Se pa paske yon moun di « WI » sa vle di « Wi » li an se yon « WI » tout bon.

     

    Kilti dominasyon ki ekziste an, totalman diferan de kilti konsantman an. Li ale odela de relasyon ki ekziste nan mitan 2 moun. Li vin yon kesyon politik: enperyalism, kapitalism, klasism, patriyaka, etewonòmativite …

     

    Twò souvan nou eseye jistifye modèl relasyon sa yo, nou akspete yo, e rann yo nòmal, sou baz moun ki anba dominasyon an se yon sitiyasyon l ap defann, moun k ap domine l lan w byen pou li. Gen yon jan sosyete an enpoze sa nan pawòl li ak aksyon l li, li  fè kilti dominasyon sa fè moun “aksepte” san yo pa dakò vre.

     

    Men sa n dwe konprann, « WI » ka pa toujou « WI », e nan kezyyèm epizòd nou pral pale de nosyon enkapasite a, kote se yon abi lè yon moun pwofite de pozisyon l ak sitiasyon l  pou l fè yon lòt yon seri de bagay.

     

    ***

    Nan epizòd Koze Kilti Vyòl sa n ap resevwa Yves-Marie Exumé @aymexume. Plis enfòmasyon nan kozeiltivyol.com/s02e05



    ***

    Li pase tou nan 8 radyo lokal. Lis radyo a disponib nan kozekiltivyol.com/radyo.

    • 26 min
    Koze Kilti Vyòl - Epizod 14 - Renmen moun ki renmen w

    Koze Kilti Vyòl - Epizod 14 - Renmen moun ki renmen w

    Depi w renmen yon moun, renmen l , renmen l tout bon, sa vle di l ap renmen w tou, pa vre? Se linivè k vle sa ? Ebyen non. Menmsi liv, fim, mizik ak kilti a anjeneral sanble deside fè nou kwè sa, li posib pou n renmen yon moun, tout bon, renmen renmen, sensèman epi li menm li pa renmen n ditou. Sa konn rive. Sa menm rive souvan.

    Souvan li fasil pou w panse sa w santi pou yon moun, se fòseman sa moun sa santi pou ou tou. Jis paske w gen yon definisyon nan tèt ou de lanmou, sa pa vle di se menm definisyon an li ye pou tout moun.

    Kèlkeswa relasyon w ta ye avèk patnè w, gen bagay ki enpòtan pou w toujou sonje. Kominikasyon se youn ladan yo, pou n ka toujou kanpe sou menm pye egalite a. Pou pa gen dout, malantandi, pou pyès moun pa santi yo jenen ni malalèz nan tèt yo, ni nan kò yo.

    Anpil fwa, gen yon konsepsyon ki kite n kwè fi a konn sou sa, men fò li fè yon ti kapris, yon ti retisans, avan l di wi, si w fè yon ti ensiste, yon ti fòse, li ka chanje lide.



    ***

    Nan epizòd Koze Kilti Vyòl sa n ap resevwa Yael Talleyrand (@yatalley). Plis enfòmasyon nan kozeiltivyol.com/s02e04



    ***

    Li pase tou nan 8 radyo lokal. Lis radyo a disponib nan kozekiltivyol.com/radyo.

    • 26 min
    Koze Kilti Vyòl - Epizòd 13 - Ret nan wòl ou

    Koze Kilti Vyòl - Epizòd 13 - Ret nan wòl ou

    Pèsonn pa renmen tande yo di l non. Pèsonn. Yon non se yon rejè. Se lòt la ki rejte sa w pwopoze l e li souvan difisil pou n pa viv sa tankou yon kòmantè sou valè nou antanke moun.

    Reyalite sa nan tout relasyon nou ka genyen youn ak lòt. Kit yon travay nou aplike pou li oubyen yon moun nou envite sòti ak nou, repons non pa janm rezilta nou t ap espere a. Men, nan tou de ka sa yo, respè non lòt la, respè limit li poze a, fondamantal. Se sa ki fè, si yon konpayi a di w non apre w aplike pou travay ladann, ou pa leve chak maten mete rad sou ou a al chita nan biwo l pou w travay. Ou pran bal ou ofon, ou chèche yon lòt kote ki vle anplwaye w.

    Nan tout relasyon moun ak moun, respekte espas lòt la enpòtan. Se limit sa yo ki pèmèt ou konnen kisa moun lan konfòtab oubyen pa konfòtab ak li. E, ou pa vle pèsonn pa konfòtab… sitou si w vle vin pwòch moun sa.

    ***

    Nan epizòd Koze Kilti Vyòl sa n ap resevwa Dorothy Pierre (@sheisbougie). Plis enfòmasyon nan kozeiltivyol.com/s02e03

    ***

    Li pase tou nan 8 radyo lokal. Lis radyo a disponib nan kozekiltivyol.com/radyo.

    • 26 min

Customer Reviews

5.0 out of 5
1 Rating

1 Rating

Top Podcasts In Society & Culture

Fallen Angels: A Story of California Corruption
iHeartPodcasts
Inconceivable Truth
Wavland
Stuff You Should Know
iHeartPodcasts
This American Life
This American Life
Shawn Ryan Show
Shawn Ryan | Cumulus Podcast Network
The Viall Files
Nick Viall